Ey anplwaye Vil Boca Raton yo ak SEIU Florida Public Services Union, li lè pou vote!
Ann pwoteje sendika nou an ak kontra sendika nou an. Diferans sendika a klè; nou pi fò ansanm.
POUKISA ELEKSYON SA ENPÒTAN?
Antanke manm fyè nan SEIU Florida Public Services Union, plizyè milyon moun nan Florid depann de nou pou sekirite yo, sante, edikasyon, gadri ak lòt sèvis vital ki ede konstwi kominote an sekirite ak an sante.
Nou se Nwa, mawon ak blan, imigran ak natif natal. Epi ansanm, nou ini nan FPSU paske nou tout vle menm bagay yo—kèlkeswa kote nou soti oswa sa nou sanble: gen bon travay, an sante, viv nan kominote ki an sekirite, epi jwi tan ak moun nou renmen yo.
Antanke travayè sektè piblik sendika, nou gen anpil pou nou fyè de yo. Kontra sendika nou an bay fanmi nou pwoteksyon ak avantaj ke pifò moun ka sèlman reve genyen. Pandan ke lòt moun ap fè fas ak defi poukont yo, nou gen pouvwa inite bò kote nou— asire salè jis, sekirite travay, ak yon vwa fò nan travay. Antanke manm sendika nou youn sipòte lòt epi nou gen fòs pou nou mande kont ak anplwayè yo lè nou ap fè fas ak enjistis nan espas travay nou epi nan kominote nou yo.
Men, kounye a nou nan yon batay pou nou rete vivan.
Ane pase, nan kanpay kontinyèl yo pou febli pwogrè nou yo ak febli sendika nou yo, Gouvènè DeSantis te siyen yon lwa ke gwoup finanse pa antrepriz yo te sipòte. Nouvèl lwa sa a anpeche travayè yo chwazi peye kotizasyon sendika yo atravè dediksyon pewòl. Men, si manm yo desann pi ba pase 60%, nou fas a desètifikasyon ak risk pèdi pwoteksyon garanti anba kontra sendika nou an tankou ogmantasyon salè, sekirite travay, benefis retrèt yo, ak lòt ankourajman yo.
Piske inite nou an pa gen 60% manm, nou dwe vote nan yon eleksyon resètifikasyon.
KILÈ ELEKSYON AN? KI LÒT DAT KLE ELEKSYON AN?
- Eleksyon an ap dewoule an pèsòn Jedi 16 Janvye 2025 .
- Se yon eleksyon an pèsòn sèlman. Gen twa kote pou vote ou ka chwazi.
- Kote #1 – Bilding Sèvis Piblik 1B, Sal 103B – Sal manje 1401 Glades Road, Boca Raton, Florid 33431 – 6:30 a.m. rive 9:30 a.m.
- Kote #2 – Sèvis Minisipal (Sal Fòmasyon 1ye Etaj) Bilding A, 2500 N.W. 1st Avenue, Boca Raton, Florid 33432 – 11:00 a.m. rive 1:00 p.m.
- Kote #3 – Boca Raton Community Center (Royal Palm Room), 150 Crawford Boulevard, Boca Raton, Florid 33432 – 4:00 p.m. rive 6:00 p.m.
- Y ap konte bilten vòt yo nan Boca Raton Community Center, Royal Palm Room, 16 janvye 2025, a 6:00 p.m., imedyatman apre yo fèmen biwo vòt yo.
- Imèl – elections@seiufpsu.org – si w gen kesyon sou pwosesis eleksyon an.
ENSTRIKSYON POU VÒT:

Eleksyon an ap fèt pa bilten vòt sekrè anba sipèvizyon yon ajan Komisyon. Moun kap vote yo pral gen dwa pou vote san entèferans, kontrent oswa fòse. Nou pap pèmèt kanpay nan oswa toupre biwo vòt la(yo). Vyolasyon yo ta dwe rapòte imedyatman bay ajan Komisyon an k ap fè eleksyon an. Yon ajan Komisyon pral swa remèt yon bilten vòt bay chak moun kap vote ki elijib nan biwo vòt la oswa l ap voye pa lapòs yon bilten vòt pou chak moun kap vote ki elijib. MAKE BILTEN VÒT OU AN SEKRÈ. PA SIYEN BILTEN VÒT OU A Pliye bilten vòt la epi depoze l pèsonèlman nan bwat bilten an anba sipèvizyon ajan Komisyon an.
Epitou, pote kèk fòm idantifikasyon nan biwo vòt yo (sa vle di, lisans chofè, idantifikasyon anplwayè, etc.)
MWEN GEN KEK KESYON SOU ELEKSYON AN. AK KIYÈS POU M PALE?
Imèl – elections@seiufpsu.org – si w gen kèk kesyon sou pwosesis eleksyon an.
Tcheke paj Kesyon yo Poze Souvan (FAQ) Divizyon Eleksyon PERC la pou plis enfòmasyon.
Ou ka rele Komisyon Relasyon Anplwaye Piblik yo tou dirèkteman nan (850) 488-8641.
MWEN VOTE. KISA ANKÒ?
Èske ou se yon manm FPSU? Sendika nou an pi fò lè manm yo mete tèt yo ansanm pou genyen kontra solid. Epitou, si nou ogmante dansite manm nou an, nou ka evite eleksyon resètifikasyon chak ane. Si ou deja yon manm, ankouraje kòlèg travay ou yo – ansyen ak nouvo – pou yo enskri.